Zenglen Pran Devan

By Zenglen

On Rezilta Pi Red

Released on January 1, 2015

Thumbnail

[Intro - Frero]

Salut

Ici Zenglen

He he hey

Anlè menm bato a


[Verse 1 - Frero]

Gen pawòl mwen konn tande

M’pa kwè se verite jouk tan lavi montre m

Li pran m tan pou mwen aprann fò m g’on kote pou m kanpe

Fò m stabilize m

Klemay chante…


[Verse 2 - Klemay]

Olye mwen viv ak kè sote, m’prefere viv avèk le peu

Pierre qui roule n’amasse pas mousse

Vi a g’on bò anmè, li g’on bò dous

Ou pap janm kontan tout tan

Pa ka satisfè a sanpousan

Mande m m’a di w kijan, kijan mwen fè konnen

Cho..

Zenglen ki fè m wè rezon (2x)


[Chorus]

Fò w g’on kote w kanpe (The Fridge ou la wi)

Nan bon tan kit nan move tan

Pa voye monte (douvan, douvan)

Fè yon jan pou ou gen rezon

Frero…


[Frero]

Ou di m an serrer les mains (En même temps)

Men w vle pran tout sa m genyen (En même temps)

Ou pa ka di m w’ap sèvi Bondye (En même temps)

Epi anyen w pa vle partaje (En même temps)

Ou pa ka di w pozitif (En même temps)

Epi tout sa w’ap fè negatif (En même temps)

Ou pa ka vle rive lwen (En même temps)

Epi w’ap kouri nan plizyè chimen


[Chorus]

Fò w g’on kote w kanpe

Nan bon tan kit nan move tan

Pa voye monte

Fè yon jan pou ou gen rezon


[Klemay]

Well, well…

Ou di m an n serrer les mains (En même temps)

Men w vle pran tout sa m genyen (En même temps)

Ou pa ka di m w’ap sèvi Bondye (En même temps)

Epi anyen w pa vle partaje (En même temps)

Ou pa ka di w pozitif (En même temps)

Epi tout sa w’ap fè negatif (En même temps)

Ou pa ka di w nan Zenglen (En même temps)

Epi nan tout lari w’ap mache plenyen


[Horns]

Zenglen se verite nan manti yo


[Keyboard solo]

Anmwey

Pi wo, pi wo

Yon lòt nivo

Zenglen…pi wo, pi wo

Yon lòt nivo

Oh oh oh oh

Fanatik Zenglen mobilize

Tout moun chante en cœur

Pi wo, pi wo (Ou ka wè sa)

Yon lòt nivo

Zenglen se verite nan manti yo


[Guitar groove]


[Hook]

Yo mèt pale

Zenglen pran devan (Gade m, gade m, gade m)

Stabilite n’ap chèche (M’oblije)

Zenglen pran devan (An han)

Yo mèt pale (Zenglen 2015 fwa pi rèd)

Zenglen pran devan (M’te di w sa)

Stabilite n’ap chèche

Zenglen pran devan


[Frero]

Ou di m an n serrer les mains (En même temps)

Men w vle pran tout sa m genyen (En même temps)

Ou pa ka di w’ap sèvi Bondye (En même temps)

Epi anyen w pa vle partaje (En même temps)

Ou pa ka di w pozitif (En même temps)

Epi tout sa w’ap fè negatif (En même temps)

Ou pa ka vle rive lwen (En même temps)

Epi w’ap kouri nan plizyè chimen


[Hook]

Yo mèt pale (An an ale pi douvan nou vize)

Zenglen pran devan (Zenglen se verite nan manti yo)

Stabilite n’ap chèche (Oblije)

Zenglen pran devan


[Outro]

Epi Zenglen pi rèd, pi rèd, pi rèd

Fidèl

Epi nou fin devlope l

Zenglen ki fè m wè rezon

Verite nan manti yo