Released on 2023

Thumbnail

Avan se te lanmou titato

Manje babekyou pica pollo

Nou fè lanmou tout kote, li dim pa koyo

Voye epe'm tout kote ti vibe zoro

Lesansyèl mwen menm avè'l f'on sèl

Menm lè'n sou tè a

Lanmou'm avè'l pou syèl

Lontan'l te banm pil tan'm, pil tan'm

Lè'm rele'l kounye a li di'm tann, di'm tann

Lanmou'm vire an bing bang, bing bang

Zigzag bing bang

S'on lanmou devan dèyè zigzag

S'on lanmou a goch a dwat zigzag

S'on lanmou anwo anba zigzag

S'on lanmou devan dèyè zigzag

Si'm pa rele'l, konnen'l pa'p rele'm

Lòt moun ap rele'l

Pa mennen'l soti, kanmèm l'ap soti

Lòt moun ap envite'l soti

Si'm pa rele'l, konnen'l pa'p rele'm

Lòt moun ap rele'l

Pa mennen'l soti, kanmèm l'ap soti

Lòt moun ap envitе'l soti

Kòb mwen pa ase

M' depansе tout ti sam genyen

Nivo thug mwen bese

M'fè tout sa'l vle m' reziyen'm se li mrenmen

M'pa plenyen paske m'ap depanse

M' plenyen, paske lanmou'w lan ensanse

Se pa genyen m' pa genyen

Men tretman'w banm nan pa fè'm byen

Bidjè'w twò wo

Lanmou'w twò ba

Relasyon sa miwo miba

S'on lanmou devan dèyè zigzag

S'on lanmou a goch a dwat zigzag

S'on lanmou anwo anba zigzag

S'on lanmou devan dèyè zigzag

Si'm pa rele'l, konnen'l pa'p rele'm

Lòt moun ap rele'l

Pa mennen'l soti, kanmèm l'ap soti

Lòt moun ap envite'l soti

Si'm pa rele'l, konnen'l pa'p rele'm

Lòt moun ap rele'l

Pa mennen'l soti, kanmèm l'ap soti

Lòt moun ap envite'l soti