Released on February 7, 2022

Thumbnail

[1e vèsè: Trajik]

M kite peyi m ak gro chagren

Pouse bourik mwen pou byen lwen

Se pat sa m te swete

Petèt se kout volan desten

Isit frè mwen

Lavi moun pa anyen

Tèt libète a fann an de

Antòtche nan pèlen

Mpa konn si map tounen

Goumen grenn plen nan klandesten

Kite manmanm papam madanm ak timoun nan men

Tonton makout yo bay kè plen

Yasasinen moun Gran jounen

Yo diw nan politik

Se kominis ou kamoken

Yo detwi pou Plezi

Yo detwi San bezwen

Fò dimanch prefekti

Yo detwi “pour un Rien”

Moun pè nan kamyonèt

Ti bb sou bayonèt

Esak pi tris ti mèt

Chak 22 gonw mannigèt

Grennen bal sou Radio

Disparèt jounalis

Maspinen lapawòl

Peze kou lajistis

Reagan menm alepòk

Plen pòch milat ak Baby Doc

Mas pèp la pran nan blòf

Tout dwa de lòm se “money talk”,...

Ayiti kite Ayiti Ayiti pati

Politik pati politik pati


[2èm vèsè: Ouragan]

Kochma sou makout yo tou m wè ase

Men nou te pran pozisyon ret tòf tou pran kout bòt yo san jamè lase l

Jis van lespwa soufle

Avni peyan m trè elegan

M t ap monte yon masuife

"Now" mwen pral konnen Pè tande li nan eleksyon

Rès yo istwa, entretan vi pa nou debite

15 zan detid plen fakilte men demand djòb yo refize

Pou Krim zòn mwen vi n repite

Pa jou menm 2 yo egzekite

Vi kèk tèlman pèsekite

Vi chè presyon tou fè prese kite l

Prese kite l ? Di m kijan mwen prale kite 4 dèyè?

Mwen naje vre pou m soti

Men mwen pa t rete kwè te gen yon lòt vag dèyè

E frap yo vi n pi grav

Pi mal kidnaping pran nesans

Yon kapital vyolans

Rat menm ap fè "la chasse au compétence!!!"

Diplome chomeko, ratpakaka menm nan tout bwat

Leta kès pran nan cho, nèg vès sou do yo, yo ki pi gro chat

Jistis menm nan koma

Depi lè ou konn “ ton Jean Dodo”

Mwen ak ti pa m yo mwen fè "let-ma" m

Se chans nou pat peri sou dlo

An vrè elas!! wè elas!!

Bèf la toufe si ou pa chimè

Bò tab la ou p ap jwenn plas

Kanmenm tout rèv yo pa t fi n nwaye

"but" rivyè lavalas lage nou sou lanmè nan mitan yon fon kanntè

Oura !


[3em Vèsè: K-Lib Mapou]

Mwen menm mwen lage

Sou tèt kale lè tole Petwokaribe

Lè bandi legal debake, lè degaje pa t peche

Lè se ou y ap rache si dèyè vòlè w rele bare

Pou sot Chili monte Meksik nou te 30 se 7 ki rive

An 2012 lè Lamòt, vin modèl Alamòd

Lè Onèt vle di pwan pòz, Lè Diplòm tounen radòt

M pwan rak bwa lè vann bèf pou moto te repons peyizan

On plan bannann pou n sot anba tant, lè dola monte tèt blan

Lè lang pi fò jounalis vin pi mal ke pla sandal

Altènativ nwaye nan san l depi nan plasenta l

Katye popilè pa gen dlo men zam yo pa san bal

Drapo nan dèyè lajenès pase an bastengal

Lè entèlektyèl modèn ak statiko nan kòkòday

Lè lekòl tounen disko, jenerasyon rabòday

Palè ak palman ret kraze men nèg ap bati kay

Kou inivèsite Leta ak Dezòm tounen zagribay