Released on February 7, 2022

Thumbnail

Epòk anyen pa dire

Menm lavi moun


[DRILL HOOK]

Yo te konn fè l pi kri

Kounya l fèt pi dri

You know the drill

You know the deal

You know the drill Yow!

Yo te konn fè l san pri

Kounya l fè plis bri

You know the drill

You know the deal

You know the drill Yow!

2018, 2019, 2020, 2021, 2022, 23 tou


[1e vèsè: K-Lib Mapou]

Ane 2020

Ane siksè rap la te anven

Ane plenn ane grenn

Ane atis ale Sendomeng

Ane mizik bonjou pwèl

Ane krèy, ane fyèl

Ane "live", Ane fè zèl

Ane "cashapp, paypal" ak "zelle"

Ane foli ane Covid

Ane zen ane "buzz"

Ane bandi ane gro vid

Enspirasyon te pran pòz

Mwens talan plis "stars"

(Foulay)

“Underground” k ap rap

Plis refren mwens "bars"

(Foulay)

Atis Kanpe an ke kap

Ane rezilta soustraksyon divizyon

Gouvènman sou twitter pwan desizyon, non!

Telefòn se televizyon

Kòmantè ki bay mizik direksyon

New school no school (rabòday)

Rap ap fèt san teks

"No rules more views", (radotay)

Sa k fè buzz se sèks


[Entro]

Saa se epòk kote tout nèg pwal kòmanse rap on sèl jan an

Fè Alsiyis sou bit

Epò ane 2010, men l plis fèt 2015, 16, 17


[TRAP HOOK]

Ane flip ane flap yo ye

N tonbe nan Trap

Ane hit ane Krab li ye

Tonbe nan trap

Ane wewe wawa

Tonbe nan trap

Ane pete chawa

N tonbe nan Trap

Ane flip ane flap li ye

Tonbe nan trap

Ane Rap ap pase pwa li ye

Tonbe nan trap

Ane we wawa

Tonbe nan trap

Ane pete chawa

Nou pran nan trap

Ane Rap pase pwa


[2èm vèsè: K-Lib Mapou]

Epòk “Shawdy” epòk party

Rap plis fèt pou senti

Epòk Dexter “jeans skinny”

Epòk pi gwo manti

Epòk rap koumanse pati

On sèl rapè k bati (Zoe)

Epòk Djaspora Brezil Chili

Micky ak Zokiki

Epòk Tenis pi chè ke fanatik ki tounen Rapè pou rape nan vèy

Epòk rap kòmanse pèdi bon “team” pou l tounen kanaval pou l fè lòbèy

Epòk Rap pwal pèdi baz, Rap chanje faz

Rap monte Taraz, epi l tou vin raz

Rap mande vaz, ba li gaz

Hip hop t ap peze gaz

Epòk boujwa bay Rapè bon jan an

Rap antipèp koumanse lave bon lajan an

Rap achitèk m ekri teks kou m t ap trase plan

Pandan papa m te bati kay avan 30 an

Epòk

Mc fiyèt lalo k tonbe nan chante Rap k pa konn fondamantal Hip hop

Kou MC laloz apre 2 hit 2 krèy fè l kwè l sonw lejann nan rap

Epòk sku sku my nega my nega epòk vibe on pil kreten

Epòk lekòl san klas nan valiz elèv pa gen liv men yon boutèy kleren

Entwo Bounce

La a banm mennen nou bak an 2000, plis 2006,7,8,9

Kote gen rap komèsyal ak “underground”

Nou te konn fè “sampling” but nou te fè plis “crunk”


[BOUNCE HOOK]

Epòk swag

“Dirty south Crunk Bounce”

Epòk Flag

Mouchwa “Beef fake ass”

Chawa pot ko fin pete nèt

Epòk ti sourit te wikenn

Epòk medya n te kamyonèt


[3e vèsè: K-Lib Mapou]

Epòk grangou kloròks, Epòk naje pou soti

Hip hop t ap monte an fòs, albòm kòmanse sòti

Epòk Rap souke tèt, rapè apèn vedèt

Nou te fenk konn entènèt, Nou t ap “streaming” nan kamyonèt

Nou bat kò n bagay yo te “hardcore”

N pat toujou dakò

Epòk premye kontra n te machann kleren, telefòn

Epòk Radyo te gen gwo cho, epòk hiphop la te cho

Chache bèl “flow” pou n “blow up”, vann nan boutlèg kou w pate cho

Diskisyon sou tèt mi, Epòk bif epòk woulibè

Lespwa pot ko pati, Epòk gwoup ak zòn te lidè

Yo pa t konprann, Nou goumen pou sa n kwè nou nan Lakou a

E yo pa t vle pran n, nan kanaval nou Rap sou Pakou a

Entwo Boombap

La a banm mennen n pi lwen nan tan an ankò

Nan fondamantal Hip Hop yow

Let's take it back to the old scholl the true school

Ane 90 kòmansman 2000


[4è vèsè: K-Lib Mapou]

Epòk Sample Boombap

Fondamantal Hip hop

Menm si yo te rele Rap

Tout sa k pat rasin ak konpa

Epòk Batay Rap, batay, rap bat nay

Pot ko gen rap valtay Rap twal kay Rat nan pay kay

Epòk “walkman”, cd kasèt

Fè mizik te yon kas tèt

Nou fenk dekouvri Baskèt

Devan dèyè n met kaskèt

Pou n parèt “G” pou n parèt “real”

Epòk hip hop te mouvman

Malgre touman, n te gen plis maryaj ke antèman

A chak ba, chak trak se te doulè n nan geto

A chak pa, chak traka n te pran l pou n fè plis eko

Atis pot ko mandyan

Melanje atizay ak Militans

Super F Odyx Spanish

Radyo antiy n te gen Odyans

N te konn viv nan lanmou ak kleren airforce one ak yon timberland

Ansanm nou te konn mete men, n pa t ap mennen men n te gen grenn

Rap te zam men Lamizè n pat ka tiye

Epòk malere ak grannèg te abite menm Katye


[BOOMBAP HOOK]

Vrè rap pot ko jwenn “deal”, li fè sa lide di l

Rapè pot ko pran fil kouraj nou te anpil

Tèt MC pa t gwo, Malgre n pa t gen kòb pou al nan stidyo

Sou rezo sosyo hip hip pot ko gen foto

Pandan “fake mc” t ap fè mizik luil pou piblik “feel”

Melanje rap “rnb ragamuffin” pou jwenn “deal”

Tèt MC pat gwo Malgre n pa t gen kòb pou al nan stidyo

Sou rezo sosyo hip hip pot ko gen foto

Outro

Epòk street knowledge street college Rap hustlers

Jenerasyon Asrap adept ORS Masters

Epòk hip hop baby