Released on July 9, 2016

Thumbnail

Pandan m ap anrejistre album sa m reyalize ke m pat anyen

Ke yon bann ide ke yo te fèm vale san yo pa menm tande avi mwen

Kounya mdeside tout sa yo te kache pou mwen se yo mwen pwal manyen

Pou kòmanse pa rele m black ou byen nwa kòm preteks pou dim pap anyen

Kounya K-libr drop sou trap, konsa w pwal jwenn plizyè track

Poum chire kèk paj nan istwa rap, men tout sak pwal pwan frap

Anplis kilti ak sosyete sou album sa m kesyone 6 tèm

Edikasyon relijyon anvirònman lanmou jistis politik sistèm

Entèlektyèl pa definisyon se ret tann kras bav rich

M renye lide ke konesans dwe rete o sèvis moun chich

M pwan plis ke 30 an poum konpwann nan mwen sak Ayisyen an

Se pa menm pwan tan pou m wè si danl blan depi m rayi chyen an

Men yon Wa pami chyen, pa plis ke on chyen kay on Wa

E menm si on chyen ta vin Wa, se pa bon nonl yap met nan listwa

Sou album sa mpwal rape verite m m expoze yo an pil gwo lo

M pote yo pi pre zye n anvan Junior fèn wè yo Rigolo

Kesyone m kesyone

Kèk ide

Refize m refize

Ke mwen t ap defann dan le pase

Kesyone m kesyone

Renye mwen renye...

M chanje...

Vèsyon avanse...

Mchanje (3fwa)

Kounya mkanpe...

Mrefize kwè m sonw rapè koz pi fò nan yo se soumi

Mwen voye respè bay tout sa gras a li ksispann rete sou mi

Sou mi ak baz m pat nan griyen dan

Lekòl m te toujou ap bat poum te briyan

Men lèm wè kiyès y ap remèt pri an

M regrèt ke mpat moun ki te fè plis bri an

M rayi politisyen sousou blan kap pale de chanjman paske se pou lavi yo sèlman

Mrayi tèt mwen a fòs ke m renmen nou telman

M pwan tan poum renye lanmou jantiman

Ou pa bezwen mandem pou m konvèti poum ale nan syèl, fan m fè m goute 7èm nan deja

Ni mwen pa espere si mwen ta vle poum al nan lanfè, Ayiti fè m konnen sa deja

Pasyans anmè men yo di fwi li dous, anfèt mwen m pa konnen

Paske nan jaden isit, pye bwa saa pa donnen

2 grenn ba saa yo se pou piti gasonm poul pa fè menm erè ak papal

Filston!!!

Pa kite yo di w tann tou pa w, moun ki devan w nan liy lan tou pwan plas pou fanmi l ki poko fèt

Toujou kenbe tèt ou devan, machin kous pa gen retrovizè, tout vire tèt se defèt

M pwal rape tout verite m, pou tout lespri rigòl yo

M expoze yo pa pi lwen ke zye n, anvan Junior fè nou wè yo rigolo