Bòn Ane

By K-Lib Mapou

Released on December 31, 2024

Thumbnail

Si w sansib, ak ti kè w nan men w pa tann fen mizik pase w ale

Swipe oubyen scroll down m tou pwofite di w bòn ane

Larezonnen sou Pèp Ayisyen

Bòn fèt Lendepandans

221 an vant nan men nan kontredans /Vanse a kontresans

Voye 2024 ale ak tout giyon

Limen balèn benyen ak fèy lave tout pichon

Pou tout sa k anba a m ap swete n bon konba

Pou tout sa k opouvwa Lane yo te pase swa

Moso moun sousou blan

San karaktè plat kou kòb

Opozisyon son w plan

Lè yo pa gen job

Bòn Ane Micky m swete w pa jan m gen sousi sante

Pou w al nan Vila w la Montrouis se Jeff Gwo lwa ba w pase

Sou wout ou pataje meilleur voeux ak Mikanò

Gang Ti Savyen kokorat Sanras si w pasе pa nan Nò

Bòn ane Olivye mswetе Pitit ou jwe foutbòl

Ak pa Lamòt m swete l rive nan yon stad poukòl

Mande tonton w Kiko St Remy pou l bann on pas gòl

Depi apre Pwogram papa w la pa janm gen lekòl

Bòn ane Bodeau Wilot merci pr les Beau Plan

M swete fanmi n pa janm nan kouri kite kay Blan

Santiman Fandanman Bòn ane Hervé Foucan

Bon konba Fondènèg Fondèblan Kare Boukan

Bòn ane mesye Lanmbert menm lè m konnen son KA

Kou Youri, Privert, Belizaire

Salim Sucar

Bòn Ane Braun, Bigio, Acra

Deeb, Abdallah

Ak Boulos nou dwe rete Sherif gras ak Delva

Bòn Ane Chiler Lwidò les 2 Rony ak Assad

Cherisier ak mo Revolisyon kòm fasad

Mswete Pwosperite

Ak pwoteksyon anbasad

Kouray poun sispann bay blan kou Lalim sousad

Bon Lane Rwa Ariel Litz Kitèl Cassy Nènèl

M swete n pase bèl toujou jwenn on mamèl

Pou fanmi nan florid ap benyen nan lèt ak myèl

Lwen Bandi k fin bwè Florida k met fanmi pa m nan rèl

Bòn ane Michel Andre m swete w pa gen anyen Apaid

Ede Sektè prive w

N ap kanpe dèyè Barikad nou

Boukliye kontinye ba Victor Propane Èd

M swete Lanmò nou tout ak fanmi n pwan plis ke 100 jou

Men mwen Domaj moun p ap ka di m bòn ane

M ton inosan sèlman 11zan se lekòl ta pwale

On grenn bal youn nan nou nan lis la te finanse

Sou wout Matisan vin pèdi nan tèt mwen te voye m ale