Released on February 7, 2022

Thumbnail

[1e vèsè: K-Lib Mapou]

Fin fè kòb isit, m ta f on desann anba

M ta f on al trip, men m pa kapab

Viv bò isit aba laba

S on kriz politik nou tout ki koupab

Manifestasyon kraze brize, boule kawoutchou, piye biznis, touye moun

Opozisyon militan, etidyan tout ap pran kòb nan men gwo zouzoun

Ayisyen pa bon, ayisyen mechan, s on peyi ki posede anba men demon

Vilaj de dye Matisan se gang ki anndan yo, so fout lage yon bonm

Yo touye prezidan n, epi nou kontan, nou pa manke lèd devan je lemond

Bondye k fè m te kite vye peyi sa a, sèl sou papye transfè pou Ayiti wè non m


[Pon]

W ap gad de lwen, panse w konprann

Se pa je w ki pran nan piman

Diaspora pleziyis renmеn Ayiti, se nan evènman

Si sa te vrèman konsènе w, se pa nan peyi moun ou ta ye

Avwe ke l pa twò deranje w, depi èpòt ouvri w kouri vin taye


[Refren]

Pandan n ap vibe, pandan n ap trip

Sa pa gade l depi l pa viktim

Pandan n ap vibe, pandan n ap trip

Silans sa ki ka pale se krim

Pandan n ap vibe, pandan n ap trip

Diaspora, klas mwayèn se viktim

Pandan n ap vibe, pandan n ap trip

Pa panse paske w ap viv nan yon vitrin

Se nou tout yo trete de latrin

Menm si w kwè w ap viv nan vitrin


[2em vèsè: K-Lib Mapou]

Ala ti pèp sovaj mesye, li plis kwè nan detui

An! kraze vit biznis mwen

Boule ti machin mwen, se sa k militan an

Pandan m pa t menm nan politik

M pa pou, m pa kont m pa menm nan mitan an

Bon! Lè yon moun fè efò pèsonèl pou l rive, pouki nou egri

Nou fout anpeche yon peyi mache

Mache fè pil pitit nan tout rakwen

Dat n ap manifeste, voye ale

Nou ret nan menm pwen an, kilè n ap met pwen

Chita la ret tann leta, pandan n te ka nan antreprenarya

Se vre peyi a an reta

Men pwogrè pa p vini nan pran lari a


[Pon]

Klas mwayèn reve je klè

2 bal pou dekouvri vizaj

Makiyaj sou lavi demeplè

Pèsepsyon reyalite 2 vizaj

Si nan geto ekzistans youn tounen atanta pou lavi lòt

Pasivite w nan mouvman rezistans, fò w tounen potanta pou zòt