Goumen pou saw kwè

By Barikad Crew

On Goumen pou saw kwè

Thumbnail

[Intro]

Pouw viv, fòw lite. Lite jiskaske souf ou koupe. Obstak ka fèw kilbite. Men siw gen volonte, ou pap tonbe. Ret kanpe ! Kanpe ! Kounye a li lè pouw goumen pou saw kwè


[Verse 1: Master Sun]

Ou konprann ou panse ak l’avenir

Lavi g’on sètenn… pafwa ki lèd tankou ‘on pakoti

Si wap gad kotew soti wap wè’l parèt sonb

…se pa onb

Paske kwè nan tèt paw se kraze tonb

Pou demen nan saw kwè a [@LirikAkFlo]pouw eklate tankou bonm

Paske sa chat konnen rat konnen, pa di ke ou pat konnen

Pou saw t’ap goumen an se yon lit ke ou t’ap mennen


[Verse 2: Dejavu]

N’bat dlo nfè’l tounnen bè e n’kwè’n goumen pou fè lit la miltipliye

Nan fè kole pyese pou’n drop, kenbe pou’n sispann pyetine

Avèk anpil prensip, kouraj tèt kana monte tab

Disiplin detèminasyon, n’franchi yon lòt etap

Rete soude kwè nan mouvman an

Menm jan Allah pou mizilman an

Rete sou…kwè nan moman

Menm jan wa va fèl mistikman

M’kwè lapriyè pa gen chèn li pa kase, vye frè’m

Ak…pa gen èn li pa trase


[Verse 3: Izolan]

Nan saw wè w’ap lite a se ladanl w’ap reyisi a

Menm siw wè w’ap kilbite jou paw la gen poul rive

Jan fanmim te konsevwam nan lavi a se pa konsa’m viv

Nan projects la mte sipoze ale legliz

Men pou mwen ret annda kay pat yon tease

Gen pretansyon na vi sa, pa stil pam

Defann dwa’m ranpli, devwa’m se pwòp chwa’m

Apre prizon mte pran pou game nan gen moun ki te panse mwen t’ap vag nigga

Men tout pasyon’m se pou rap m’ap toujou drop frero


[Verse 4: Brital]

…fòw fè bak

Pou progresyon paw la fòw fè sak – ki pozitif

Ou bezwen bay gòl man, fòw fè tak

Konsaw gen pouw [@LirikAkFlo]wè rèv ou fè enpak

Plante nan bon sezon, devan pouw rekotlte rezon

Travay di ka louvri pòt yon lòt orizon

Pingaw abandone, anyen pa di tèt ou koupe

Janw te fèt la, se pa konsaw prale


[K-tafal]

Aaa ! Ha ! Batay la di. W’anfas anpil gwo énmi. Kisa wap fè ? W’ap abandone oubyen w’ap reziste ? Kisa w’ap fè !?


[Verse 5: Fantom]

Ou fè tout viv ou t’ap mennen yon pèpetyèl lit

Anfenw brebi, ou monte nenpot pyèw te fit

Kit moun t’ap riw ou ret femen w’pa janm aji vit

Sak fè plis bri ou konnen se yon tono vid

Ou te kwè ke se jou paw la ki pot ko rive

Ou te kwè zetwal paw la yon jou te gen pou’l briye

Ou te kwè tout saw antreprann nèt te gen pou mache

Ou te kwè pa gen moun ki ka fè si’l pat konn sa’l vle


[Verse 6: Bricks]

Menm jan pou kay la monte fòw poze plizye blòk

Pou peyi a tranble BC chofe nan plizye blòk

Pou vizyonm man mpa kwè ke gen meyè ke mwen

But misyonm pou manmanm fòw ta yon enjenyè demen

Se pa fòt mwen si sanm mele ak rap tankou se fanm ak nèg

Gen anpil fwa mte vle bay vag men gen kèk bon patnè

Ki pale avèm pou’m ret soude ak rap

San èn nan kè’m mwen te goumen jis poum prouve sak laaa


[Verse 7: Dade]

Malgre jan sa di pou mwen m’pat janm kite don’m aladriv, non’m aladriv

Donk tout sa’m te ekri anba bouch, m’mete yo tout alabri

Map fèw konnen gen [@LirikAkFlo]lwa kfèt pou ofanse

Goumen pou saw kwè, panche vè ou jistan dwa a ap reseye

Nou sezi yon ofrann yo pa ofri’n, nan figi tout moun

Ki pa fè ri tout moun, non, ki pa fè ri tout moun

M’avizew nigga saw wè la poko janm tout nou

Fòw met flè atè lè n’ap pase pouw akeyi’n nan wout nou


[Verse 8: K-tafal]

Sila ki pa’n ba’n ospitalite san pa nwi (Yo pa nwi!)

Nou pat janm nan sa se pa’n

Nou te konn separe tout bagay ak frè’n san di fout

Depiw te bezw’on goud se pranl san oken dout

Gade janl ye a wap wè chak moun te wa nan peyi’l

Ki gen devwa lite jouk sa kaba pou’l pa anperil

Kout kanno ka tire, chapo tonbe, chwal la bite de pye devan

Ou pa gen dwa lesetonbe. En avant !!


[Outro]

Non ! Pa gen gad dèyè. Fè saw dwe fè. E pa bliye : linyon fè lafòs ! An’n di ak anpil fòs :

Kondagana : Si linite te pèmèt Ayiti libere…

K-tafal : Nou Barikad …

Dejavu : Nou jire pou’n toujou ret soude

Izolan : E nou kwè se nan travay…

Dade : Non, nan batay !...

Fantom : Ke na chanje figi lakay

Master Sun : Se devwa’n pou’n goumen pandan lavi nou…

Bricks : Ak tèt frèt, san bliye rasin nou…

………: Se pou sa…

Brital : Nou drese Barikad…

Young Cliff: Kont tout barikad!

[Kondagana] (2x)

Goumen pou saw kwè s’on devwa, e an menm tan li se yon dwa

Men avantou, npa gen lechwa. Goumen pou’n sòti nan fè nwa

(3x )Ansanm ya wè’n pot laviktwa !