[Intro]

Ayiti, Nou pap kitew peri anba vye demon (Jamè, jamè!). Nou pran pozisyon (Ye!), nou di non! Non!

Encore et encore et encore! (Yeah! Yeah!) Pi real, pi lou, pi fò. (Yeah! Yeah!) Nan silans, nou travay san pèdi sans. (Ya heard me?) Ayisyen, nou konn sa li ye deja: BC!


[Dade]

Mizik se lonbraj, yon bagay ki entouchab

Tout moun ka wè aklè, Fyète peyi a n’gen touch la

Nou goumen anpil nou dwe, sou fèy la pou nou bay mo

Arestasyon ilegal pap janm fout fè nou bay do (Wooooo!)

Sponnsò dil pap bay non paske Ipap an gè (Shit!)

Ale di papaw se pa vre si'l tande Ipap an bès (This is bullshit!)

Yon ganstè, yon vagabon te di: fò nou kenbe, kenbe, kenbe

Aktè kenbe menm lè Ipap an gè


[Fantom]

Menm jan n’pran jòf nan fanm mal chita

Nou pran blòf nan men chèf deta

Filozòf yo mèt ale, Ka... katastrof nou pi anreta

Nou se yon pakèt bannann mi wo plase, yo se dan pouri

Nou se gachèt nan fizi e yo se dwèt ki pou use li

Sa fini! Non, granmoun se sa nou tout dwe di

Nou di non! Nou tout fè youn se sa k ap bay lavi

Peyi a koronpi, pèvèti, lamoral fin pèdi

Jodia je n louvri, nou pap bouche nen n pou n bwè dlo santi (Evreee?)

Refren

K-tafalk: Nou di non!

Dejavu: Peyi a pa pou vann

K-tafalk: Non!

Dejavu: Nou pran nan pa konprann. Bouke ret tann otorite se pa nou yap defann

K-tafal: Nou di non!

Dejavu: Manje pa janm desann

K-tafal: Non!

Dejavu: Pa gen travay pou fanm, nou refize met tèt ansanm, lekòl tounen savann


[Kondagana]

Si nou vle pou sa chanje

Pa gen chita gade lite pou n avanse

Echèk pap fè n dekouraje

Fò n pa pè afronte baryè k drese nan sosyete

Kilti sèl zam nou rete se li k pi neglije


[Brital]

Aplike la lwa nou la pou sa men pa lote jistis pou vann

Enjistis sa vle di lèw pran rezon m pou revann

Twòp pou lajenès, kriz sa pou nou vle di detrès

Nou gen twòp mèt, peyi a gen twòp metrès

Li poko janm twò ta pou n di n bouke wè fatra nan lari

Li tande blow moun mouri, moun paka pran lari (An!)

Pa bay divizyon plas poul antre nan kè nou

Sinon n ap toujou anfas moun yo ki se frè nou


[Dejavu]

Nou di n granmoun, n paka fè anyen san n pa jwenn lòd

Anpil konbit politik, pou yon plas youn pa vo lòt

E n gen tout kriz (I&I) yon sosyete n dwe chase tout salte kou pis

Gen paran k gen pitit fil s on komès poul rich

Pwoblèm sa yo vin koz, konsyans nou revòlte

Ki fè nou di non gen bagay nou pap aksepte

Fè konnen tout sak pa bon se ayisyenn ki ka pote l

Ban n zannanna pou Sizann fo doktrin sa fò’n kapote l


[Marco]

Nou di fòk vyolans lan sispann (sispan)

Fòk gen lekòl pou tout moun aprann, nou vle

Yon chanjman pou frè n yo, yon chanjman pou sè n yo

Dwe gen lafwa pou sa chanje, Nou di non

Refren

Pon


[Izolan]

Menm nou menm ki lajenès, nou pa gen moun ki pou defann nou

Lè nou vle revandike, yo pran pòz yo pa konprann nou (Non!)

Lè nou di sa nou wè, sa k fè nou mal

Sa ki fè n pè, zak ki pa nòmal

Komanw ta vle yon jèn fi dizwitan ap okipe pwòp fanmi l

Tandiske l entelijant, li te ka prepare avni l

Patron depanse pou manmzè l, fanmi gentan ba l bèl akèy

Men yo pat panse dèyè l (Elas!), te gen yon gwo sèkèy


[Bricks]

Voye je n anlè gade, anpil malè k pandye

Nèg se sandal fant zotèy epi ak chèn nan pye (Tchitchiman !)

Pouki grannèg fè mal, yo gade yo : non bay lòd

Men kou se malere, yo di bare yo! W anba kòd?

Rap Kreyòl rete paskem wè wap bay danje

Nou pa menm gen kòb nan men l e lòt tandans yo vle manje n

Kiyès ki responsab? (Nou menm?) Ki pou pale nan sa

Ki moun kap di non paske nou pap ka ret gade konsa

Refren

Pon

O! Aleyouya! Se sa yo ta renmen k kraze a (En-hen!)? Nan TCM nan manmi! Bondye pi fò. Ya Bare l (Non!). Epi n pa bon non, man !


[Kondagana]

Si nou vle pou sa chanje

Pa gen chita gade lite pou n avanse

Echèk pap fè n de kouraje

Fò n pa pè afronte baryè k drese nan sosyete

Kilti sèl zam nou rete se li kpi neglije

An kè: Nou di non!!