Oh! Shit!

Yo! Hype, where you get this beat from? Ha! Ha! Yeah! ...

This is family business (Majic Click) (Zafè Fanmi, BC colabo niggaz)

No bitchass niggaz (2 kondane) (Zafè Fanmi, BC colabo niggaz)

...

BC!


[F-ner]

Yo! Ou wè trak sa, l gen plis valè k on tablo Picasso

Tout nèg se malè e n ap design li man ak anpil fat flo

Vin Swiv sa k cho, sa k bo, koz time is ready

Review sa k flo, sa k dope koz time is ready

Par BC, Majik, F, 2 kondane, Yaku

BPC man, nou bay plis èd E n fèl ak sa k vlea tou

Nou, pat ret sou beef lan koz nou konn kiyès ki énmi n (Aaa!)

N ap fè menm bagay avè w, nou ka konprann ti jès ou egri n

Banm di w, pi gwo enmi w s on sistèm ipokrit jounalis k ap jere biznis

Tandans ki gen plis finans lan man, yo di se li k pou prime. Fuck that!

Pou mwenmenm se sa k gen plis resistans ak lanmou an, li k pou rive

Pa bliye, lajan gen pou fè fatra nan pòch nou

3/4 nan pòch nou, pafwa konn twòp tou

Pou al bay kout kòb tou

E lè sa y ap vini kan mèm koz ras moun sa yo pa gen gou

Rap la ap fout eklate nan figi yo, y ap vin jwenn nou!

(Nеxt)


[Doc Filah]

M oblije fenmen jе m, pou m fè apèl ak memwa m

Pou m fè yon look-back sou tout sa m wè tout sa m viv, reyalite m

Ak tout sa m kwè tout sa m feel

Bon pati nan pase m nan enkonsyan m yo klase

Men sou vi m yo ase, pou m fè yon dyagnostik diferansyèl

Sou koz dezekilib nan aksyon, reyaksyon

Pou chak espas tan mwen sonje

M te konn wè fènwè nan lajounen

Pandan se 3 jounen "ak san danje mwen"

Se pa toutan n ka fè yon dwat ak yon ranje pwen

Tout moun fleksib, se yon bagay ki natirèl tout moun flechi

M rete kwè n pa dwe fè anyen ak de kè ni pasyon

Nou oblije kolabore met yon balans ak detèminasyon

Pa gen efè san koz, pou gen 10 santèn konsekans

Nou dwe fè mil aksyon

Isi se, BC e...

Next)


[Dade]

Sa k bay pou rap, Wè! Ladan l nou toujou kwè

Ou wè lè pou n pote yon sa k pwa avèk jwa ou pèn

Sak bay pou rap, Mhm!

Ansyen sa kap vin apèn, inisye yo man nan syans rap la de A a Z

Moun ki vle rive itilize sèvo l kòm bonm li

N on sosyete ke w vle l ou pa chak grenn nan nou gen gang li

MCs blo fake-ass pou nou sispann bay aspè lapè

Andidann tou fò n blo perèz pou n ka gen aksè lagè

Kòb nan pòch nou bouche gaz lòt

Lè n gen ansanm tou, n tou fè gagòt

Freestyle nan blòk nou chak swa pou n ka chèche vibe lòt

Jan w wè yon move click ka kraze tout yon sistèm

Yon kout lang tou ka met an fayit, menm fè mouri yon sè w

Ou gen 16 mizik deyò, yo poko janm ka dekouvri w

3 moun ki tande w: papa w ak 2 kouzin ou (Shiiiiit!)

Mizik sa w pa bezwen pare kò w pou w gouye, pare kò w pou w woule

Non nou pa pote l pou tout vil


[Yakuza]

Depi sou non m Yakuza, real underground, toujou la

Rapè se don m e m bon pou sa (Yow!)

Grouv sa, Zafè fanmi ki sou sa (Yow!)

Son dream team, malè w egri mdi w sa (Yow!)

Move la! Ou ka plis viktim

Sou enstrimantal nou son kout tonnè

Aparisyon BC fò w pale fò w fout pran kè

Okontrè nou se sa w konnen an

Goumen pou sa w kwè nan bren an

Sa w renmen an, Zafè Fanmi se espwa w demen an

Ann pron beat flo moulan

Dousman, yon mizik ki touchan, epoutan

Miltisilabik lirik men l touchan

Trè jouman Snitch lan pran kouran

12 zan nan mouvman an

Refugee loko deja grave non l nan listwa

MC si w sou sa mwen deja siyen non m

Yakuza nèg Bèlè Massif

Yo! Son, si w egri n done vine diss mwen nan figi m

(Pa voye moun vin di m!)

(Next)


[Bricks]

Lè yo wè m yo di piti saa, yo ta pla pou li

Aprann sa p**** ke se pa sa pou w di

Lè w wè m pa kouri m ap ret kanpe

Menm lè abiman ou pran fè w santi rat mouri

M ap ret tann ou pou w fè sa w vlea menm lè kè w sou bouda w

Ou twò fake black ou ba w pèse koulwa w

Premye fwa m wè yon chen jape fò men l paka mòde

Men atansyon w konn si w pale twòp m ka fout fè w poze

Ranyon! M koprann sa k fè tout tenten se sou nou w ta di

Se paske w pa vo anyen tankou fatra ki bò lari

Tout real niggaz an n fon gwo konbit

Paske m aprann gen nèg ki dread ki nan pèse lonbrit

Ou tankou rad sal lè yo souke w se pousyè ki sòti

Mete w fas a Barikad jus pouw fè chobiz

Ou nan erè koz je pèp la kale tankou k*k mwen

Ou mèt fè sa ou vle m avek Be real ou konnen w pap ka fuck mwen

(Next)


[Dejavu]

Twenty MCs tout pa gen menm skills, skills

Men nou met kriz lè DJ jwe this (BC!)

Fan nou louwe Kris, lè n roule se Bis! Bis!

Sou radyo, nan biwo, kamyonèt bis, bis

Grasadye nou gen beat Fred nou nan men nou

Imite n pa irite n sa s on kout frèt tou nan ren nou

Mete n sou balans siksèa, BC peze pwa lou

Nou pa ‘on pwa plim, s on bann a plim ki fè n pap janm ka nou

"Vwa men nou" ka fè angrè pou bay latè detoutfason, n pap janm ka nou

Lè n met rekò n nou k bat rekò n, N ap kriye n te la lontan

Foucha k teni frèch kòm pilye n te la dantan

Dat nou la n pa fè anyen limye n briye n deja pran tan

Rap nou hot san pè anyen, n fè bliye n deja tchanpan

Bas-Peu-de-Chose santral Barikad Crew

Ak nouvel metòd Ipap n ap mete barikad tou

N ap fout fèl se nou k kapab G-no pou bare sa k fou

(Antresoti: ...)

Liriks nèg yo make "j'ai besoin" epi y ap di yo se underground team boss

Si w pa jwenn swen m ap di w: You can come around us

Koz nan pòch nou lajan stil fè fatra

E si ou pa pròch nou wap stil an 2 K

Nou sonnen son klòch la, poun vin bay plis traka

Ane a kondane yo pran twòp kout pitit

Men kisa 2 sa vin ap fè devan ... kòm tit

Kilè w ap ouvri je w pou w konstate?

Epi aksepte ke zafè fanmi nou vin tou danble

Fake wè n li pran tranble

Paske avè yo nou pa fout sanble

Nigga danje

Pa pran chans touche n

Blaaa! Blaaa! Blaaa!

Kounya n close pozitif, nou la yo!

Bas peu de chose, Man actif kolabo

2 kondane 4 sure


[K-tafal]

Aaaaaaaaa! Yo! Hype. Ou konn sak pi trip sou trak sa man?

Sè ke nèg yo ap veye kote'm ye man

E sak Zafè Fanmi an 'ande man (BPC!)

Man Aktif Kolabo! Pa gen manti nan sa. Santral Rap la man

Si pou m ta di yon baay anplis sou sa, m pa konn kisa l t ap ye man. (Yo! fèmen bouch ou, man.)