[Refrain] 2×

Lavi a se yon pèpetyèl lit lit lit

Gade kijan jou yo kouri vit vit vit

Brase lari a lajounen kou nan nanwit

Paske jodi lakay fòk manje a kwit


[Brital]

Non, nou pap bese lèbra pi rèd n ap kontinye lite

Nou pa moun k ap bay vag konsa n gen fyète n pap bouke panse

Nou pap pèdi lafwa di m sa w wè n pap bouke panse

Pa gen fè bak dayè n pap bouke chante

Son gwo bagay, lavi son gwo batay

Met min nan fwon w kontre sousi w pou w tire fay

Se sere tan w pouswiv detèminasyon w

Nego, se jere tan w bat pou w pa rate misyon w


[Izolan]

Vi sa bay yon chans

Fò w met may pou l ka gen sans

Se pa tout tan pou w nan rans

Pwoblèm met lè an avans

Devan obstak, piga n janm bese les bras

Piga nou janm fè vye zak menm lè nou wè krab la pa gra

Egzanp noumenm n apran soufri san 5 kòb

Nou travay tout lajounen jiskaske mizik ba nou job

Nou vin apran wa fè tan w wa kite tan w

Bat pou w fè sak pozitif pou lè w pa la pou w kite non w

[Refrain] 2x


[Bricks]

Lavi dèfwa tèlman kon konplike pou nèg

Pa wè devan w pa wè dèyè, kon menm mande Bondye pouw dead

Yeah gen on prensip se pou lite

Ou genyen souf ou gen sante ebyen oumenm fò w bourike

Raple w byen menm jou w te fèt manman w te pase nan doulè

Se pou montre w sou ti tè sa w ap wè tout kalite koulè

Tout kalite mizè fòk ou travay pou w ka jwen wout siksè

Prensip lari si w pa [...] pap ka panse bidjè

Sitou nan on peyi tankou Ayiti kote

Paran gen love men podyab pa gen posiblite

Sa vle di depi w piti ou sanse ap jere tèt ou

Sak pap travay pa ankadre deja ap panse fè kou

M vin konpran sa k ap viv se sa kap lite

Lavi a pa gen piyay pou w rejwi se travay li ye

Kon soulye l dèfwa tèlman brase bill li

M pran gang boksè limenm pou m ka kase figi l

[Refrain]2x


[Fantom]

Dèfwa m poze tèt mwen kesyon kòman marele fè viv

Sevre m pa ere menm pa give up

Ret fèm zetwa l ou ap lib avan ke ou lib

Si w byen swiv w ap wè pa gen anyen ki easy

Jodi a w tou piti wou life la tou piti

Pa pran presyon, gen espwa on jou w ap grandi

Se believe, menm si lasyosyete ta ba w dandi

Pa oblije bandi pa koute les on dit

Tann moman w pou w bondi

Sa vle di

Men m lè w pa g on dola sou kont ou

Gen twa timoun sou kont ou

Ret tèt frèt, toujou sonje ke w pa poukont ou

Ou wè nou, yon pate n te konn manje a 10

Gad kounya nou chak la n ka achte plis pase 10

E plis pase nou nan je tout moun nou se gwo atis

San pa ajenou ni bese je nou

Nou te montre san pa fè vye vis ni sakrifis

Merite pa mande e les hommes pa fè kado

Verite m ba w tande, nan je w mpa vle wont ak dlo

Lit lit lit

Eklate

Vit vit vit

Ok

Kou lanwit

Se fight

Manje a kwit