Released on May 30, 2018

Thumbnail

"Koupab"

(Verse-1)

A 25 ans, lavi isit pa fè'm rabè

M konn lavi potoprens ak tout pwoblèm ki vin avèl (vin avèl)

M te marye ak yon fanm ki te banm yon pitit, fò'm di'n ke Lavi'm chanje Depi le jou'l vin sou latè

M pat gon gwo kay, men nou 3'n tap viv ansanm

E aprè'n vin divòse, pitit fi'm al viv ak

Manman'l (ak manman'l)

E a lepok se machine mwen tap repare

Pitit fi'm vin gon bòpè akoz manman'l vin remarye

Yo demare yon lòt vi ansanm, men'm te toujou la

M te toujou la pou pitit fi'm, nenpot sa'm genyen m toujou ba'l

Chak fwal vin wè'm, se kè rache Lè poum mennen'l

E Nenpòt sa'm fè nan lavi'm, konn se pou li Tèlmanm renmen'l

Tout Pòt mèt fèmen pou mwen, depi'l jwenn Pòt ouvri

M pap nwi domi nan fredi depil ka jwenn laine poul kouvri

Pitit fi'm pap konn mizè mwen (jamais)

M pap nwi mache pye atè, ak yon sèl rad, depi'm bal tout rad li bezwen

Map sal kò'm, pou kò pal ret pwòp

Poch mwen vid,pou poch pal gen kòb

Ou wè Poum konble'l map Fè tout kalte job

Satisfaksyon'm se lè mwen wè'l souri

Pitit fim sa se lavi'm, E pa gen anyenm pap fè pou li

{chorus T-joe zenny}

Pou ou lanfè pa anyen

Sèl ou mwen genyen, sèl pitit mwen...

Pou ou lanmò pa anyen

Mwen prè pou'm bay vi mwen

Mwen koupaaaaaaabb

{2ème Verse}

Yon bon maten mal travay, yo revoke'm pou twòp kredi

Men'm pat regrèt koz tout kob mwen se nan li'm te envesti

M vin gon 2eme job, son ti job sekirite, paske'm te gon lajan lekol m'tap konplete pou'l te enskri

Tet mwen cho, pou jan dèt sa te toumante'm

Ou konn paran, n'te mèt pa manje, depi pitit nou konble

Telephone mwen vin sonnen, e lè'm gade'm wè non'l monte m'di ma fille cherie comment vas tu? si'w konn kijan'w manke'm

Li di'm: "ahh papi vin dèyè'm, m pap ret la ankò"

M santi'm imilye, m pèdi tout pudeur ki te nan kò'm"

M di "saw genyen? Ou pa alèz?"

Li di "men non bòpèm ap plede manyen'm chak fwa'l antre la m pa vlel parèt la ankò."

M di "kisa?" Li di'm "papi vini Tanpri'm pralavè'w"

Kot manmanw? Li pat tande'm tout lè'm te eseye palavè'l

M dil "ret kache map vini"

Li di'm "ok men Papi tanpri fè vit paske mwen pè, se mwen ki poukòm la avèl"

Misye gen pouvwa, lajistis pa tap pran Pa ka'm

Kom m t gon job sekirite, sanm pa mande malak yon zam

Pa menm ezite, m pral defann pitit fim Ki minè

San reflechi mwen pran lari, Direksyon kay yon kriminèl

Lè'm rive, m fonse pòt la poum antre

Gras à Dieu m rive a tan mwen wè'l kap trennenl devan je'm

M dil hey fout lage bra'l! Cherie ekate kò'w

Pandan lap kouri vin sou mwen m rale zam mwen m brake m baw

{chorus T-joe zenny}

Pou ou lanfè pa anyen

Sèl ou mwen genyen, sèl pitit mwen...

Pou ou lanmò pa anyen

Mwen prè pou'm bay vi mwen

Mwen koupaaaaaaabb

{Refren final}

Si legitime defense m fè a deranje'n

Si se paske'm pat aksepte wè dlo nan je

Sim wè lavi'm an jeu, pitit fim an danje, M t prefere tiyon bandi au lieu m t ret gade'l nan je

Si fè job nou nan plas nou son gwo mal nan vim

Si sove lavi pitit fim lan se yon krim

Sim efason nèg ki tabuzel lèl t sèl

M garanti'n m pa regrèt , si poum refèt m tap refèl

{outro T-joe zenny}

Mwen koupaaaaaaabbbb

Ou mèt kondane mwen

Eegh... eehh e...

Pou ou lanfè pa anyen

Sèl ou mwen genyen, (sèl pitit mwen)