Rebeka

By AlCol

Thumbnail

Verse 1-

Chita pale franse

Chita vale, ranse

Pale plis kel danse

Nan klèb plede danse

Pran nimewo,bay bil

Nan on joul gen 4 chill

Vagabon jerel anpil

Pezel tankoul ton ekran taktil

Bad deal, pitit tonbe

Li pa ka di mpat dil

Poul fon poze

Renmen avèm

Se sa mte pwopozel

Poul avèm, fòm a pitit la,se sal oze

Dim! Msanti mta devorel

Revokel epi voyel

Jetel tankon vye po ze

Ce serait une bonne chose et

Tou piti mta depozel

Mta manyen repoze

Sispann travay bòs, Rozay

Mwen met liriks nan tout papyem mpa ka voye lèt ba li

Mpa menm pale li rapem li dim voye lèt bay ti

Bebe a, bebe mpa ka ede ou nan sans sa

Rebeka, se non sa ou bay pitit fi ou a aaah

Chorus--

Rebeka(x3)

Gade Rebeka

Rebeka(x3)

Men Rebeka

Verse2--

Se on fre fanm li ye

Kounya li nan bay tete

Sal te konn fè lap peye

Soti ta epi fete

Fè jounen nan telefòn

A paran li tap twoke kòn anh

Se li menm, ki te pi bèl nan zòn lan

Chak moun gon istwa kache

Ke ou vlel ke ou pa vlel

Amè sa son ma kafe

Ou nan sa se ouk chèchel

Ou pat fèl tankou polis

Bay pwoteksyon ak sèvis

Kounya yo relew madam

Devan nonw yo retire mis

Paran pa kontan

Chita fè move san

Yo se pwotestan

Yo pa ka twò mechan

Papa Rebaka zele

Li son blòdè resan

Gade janl sanble ak misye

Enteresan

Chorus--

Rebeka(x3)

Gade Rebeka

Rebeka(x3)

Men Rebeka

Outro-

Medam piga nap plede met ti Rebeka deyò a non!!

Nou konn bagay la! Mete kapòt, mete kapòt

Menm si misye pa vle, pwoteje! AlCol I am

Rebeka yeah! Rebeka