5 Mas

By 2Senk

On 5 Mas

Thumbnail

[Verse ]

2 a se rezilta pasyans plis detèminasyon m

5 nan 5 mas 2019 dat ki make konstriksyon m

Yon dat ki detwi yon dat ki konstwi

Se te projè 2-3 zanmi

Reyalize yon rèv yon projè Fanmi

Pou studio a fèt nou pa t menm gen lokal

Lè m te eksplike Xd ak Lasini sa yo te di m sa pa chay

Dimitri ak Paff t finanse amenajman

Nan plas kòb m te bay kè m m bay tan

1000 dola aparèy yo te apòr Lachi

Projè a te prèske ateri

M p ap bliye pou 2Paff t envesti li t al travay nn faktori

Lachi ou t ap maestro ou te fè n kwè ke w gen nivo

Lè pou n te derape ou t ap bay manti di se fòt lojisyel yo

Pou projè sa nou te sakrifye pa Bryan

San n pa t atann pi devan se nou ta pral pann

Se sou kouraj nou tout ou te mache

Kòman w te santi w lè wè mеn m t ap bay san nan lave on kanape

Se anpil laj ou gеnyen men ou pa t janm granmoun

Fose n achte kanape rouj jis pou satisfè fanm ou

Se paske w m pa t respekte tèt ou kifè ou pa t respekte efò n

Lè pou w te fè koken ou te pran pretèks se pwoblèm telefòn

Nou te konprann ou menm lè w te blese n nou tap tann ou tounen sou desizyon w se sak fè n te bese n

Tan pou chache dyalòg ou t ap anfonse w nan manti

La m vin konprann moun p ap janm konstwi anyen nan manti

Lè sa te kraze n pa t menm jwenn mwatye kòb nou envesti

Nou t ap aprann nou te di tèt ou epa anyen n pèdi

Nouvo plis ke sa nou p ap fè tenten pou degouden

Lavi se konsa l ye dèfwa fò w pèdi pou w genyen

Se eksperyans ki fè m vin pè sak rele zanmitay

Menm men k ponyade m nan avè l m te konn pataje bòl fritay

M pa t vle fè viktim ki fè m pa t mennen sa lwen

E n tap gen tout rezon n nou te gen Boujoli kòm temwen

Depi m pa ret atè m ka tonbe

Mechan ap ret mechan 2Senk toujou akroche w ak bonte w

Se nan detwi m nou konstwi m sa k pa t bon an bon

Mal la tounen byen kounya m se rapè Evazyon.....